1 Samuel 16:11
Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:12David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.
1 Samuel 17:28Eliyab, pi gran nan frè David yo, te tande l' ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di l' konsa: -Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen jan ou lafoura. Ou toujou sou plan! Se batay la ou vin gade.
2 Samuel 13:3Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil.
Psalms 78:70Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,