1 Samuel 16:12
Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 9:17Lè Samyèl wè Sayil, Seyè a di l' konsa: -Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvènen pèp mwen an.
1 Samuel 17:42Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l'.
Psalms 2:6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
Psalms 89:19(089:20) Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.
Lamentations 4:7Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t' genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo!
Acts 7:20Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l' pandan twa mwa lakay papa li pou ba l' tete.