1 Samuel 16:20
Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 43:11Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.
1 Samuel 17:18Pran dis fwomaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m' sèten ou wè yo an sante.
2 Samuel 16:1David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (0200) pen, san (0100) grap rezen chèch, san (0100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.