1 Samuel 16:7
Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 10:23Se konsa yo kouri al wete l' la, yo mennen l', yo fè l' kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout.
1 Kings 8:39tanpri, koute lapriyè yo, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, padonnen yo, fè sa ou gen pou fè a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo chak. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki nan fon kè moun.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Job 10:4Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la?
Psalms 7:9(07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
Psalms 147:10Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan.