The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 17 › 1 Samuel 17:25

1 Samuel 17:25

Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl.

Bib La

In The King James Version

And the men of Israel said, Have ye seen this man that is come up? surely to defy Israel is he come up: and it shall be, that the man who killeth him, the king will enrich him with great riches, and will give him his daughter, and make his father’s house free in Israel.

In Context

24Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè.

26David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?

Read all of 1 Samuel 17

Cross References

Joshua 15:16Lè sa a, Kalèb di konsa: -Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm.

Ezra 7:24Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.

Revelation 2:7Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.

Revelation 3:5Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.

Revelation 3:21Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 17:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 17:241 Samuel 171 Samuel 17:26 →