1 Samuel 17:33
Sayil di David konsa: -Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l' jenn gason.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 13:31Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou.
1 Samuel 17:42Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l'.
Psalms 11:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,