1 Samuel 17:4
Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 11:22Pa t' gen yon moun Anak ankò nan peyi Izrayèl la, esepte lavil Gaza, lavil Gat ak lavil Asdòd.
1 Samuel 21:9Akimelèk di li: -Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l', ou mèt pran l'. Se sèl zam ki gen isit la. David di li: -Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l'.
2 Samuel 21:16Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li.
1 Chronicles 20:4Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo.