1 Samuel 17:43
Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:29Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon.
Numbers 22:11Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a.
1 Samuel 24:14Dèyè ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis?
2 Samuel 3:8Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: -Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l' yo, ni zanmi l' yo. Mwen goumen rèd mare pou m' pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou koulye a w'ap fè m' repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a!
2 Samuel 16:9Abichayi, pitit gason Sewouya a, di wa a konsa: -Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m' janbe lòt bò a al koupe tèt li!
Proverbs 26:2Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.