The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 17 › 1 Samuel 17:46

1 Samuel 17:46

Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.

Bib La

In The King James Version

This day will the LORD deliver thee into mine hand; and I will smite thee, and take thine head from thee; and I will give the carcases of the host of the Philistines this day unto the fowls of the air, and to the wild beasts of the earth; that all the earth may know that there is a God in Israel.

In Context

45David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.

47Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.

Read all of 1 Samuel 17

Cross References

Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.

Deuteronomy 7:2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.

Deuteronomy 9:2Moun peyi a se yon bann moun ki gwonèg, ki bèl wotè tankou moun Anak yo. Nou konn tande yo di pa gen moun ki ka kenbe tèt ak moun sa yo.

Joshua 4:24Se poutèt sa, tout moun sou latè va konnen jan Seyè a gen pouvwa, lèfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an.

1 Samuel 17:44Apre sa, li di ankò: -Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m' bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje.

1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 17:46

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 17:451 Samuel 171 Samuel 17:47 →