1 Samuel 17:47
Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
48Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo.
Cross References
1 Samuel 14:6Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
2 Chronicles 20:15Jaziyèl di konsa: -Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Seyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm.
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Psalms 44:7(044:8) Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont.
Proverbs 21:30Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.
Hosea 1:7Men, m'ap gen pitye pou moun peyi Jida yo. Mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, m'ap delivre yo. Men, mwen p'ap fè l' ni avèk flèch, ni avèk nepe, ni nan goumen, ni avèk chwal ak kavalye.