1 Samuel 17:52
Sòlda pèp Izrayèl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rèl lagè yo a, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pòtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:33Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,
Joshua 15:45Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.
1 Samuel 5:8Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat.
1 Samuel 14:21Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan.
1 Kings 20:21Wa Akab vin atake lè sa a, li touye chwal moun Siri yo, li kraze cha lagè yo. Li bat moun Siri yo byen bat.