1 Samuel 18:1
Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò.
Cross References
Deuteronomy 13:6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
1 Samuel 14:1Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'.
1 Samuel 18:3Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li.
1 Samuel 19:2Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm.
1 Samuel 20:17Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l', paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li.
1 Samuel 23:18De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li.