1 Samuel 18:10
Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je.
Cross References
1 Samuel 16:14Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'.
1 Samuel 16:23Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankò.
1 Samuel 19:10Sayil t'ap chache kloure David nan miray la ak frenn li, men David eskive kò l', epi frenn lan al antre nan miray la. David kouri chape kò l'. Menm jou sa a, nan mitan lannwit,
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
1 Kings 22:12Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesaj la tou. Yo t'ap di: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.
Jeremiah 28:2-Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen kraze pouvwa wa Babilòn lan.