1 Samuel 18:12
Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a.
Bib La
In The King James Version
And Saul was afraid of David, because the LORD was with him, and was departed from Saul.
In Context
Cross References
Judges 16:20Lè sa a, Dalila rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Msye leve, li t'ap di nan kè l' l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men, li pa t' konnen Seyè a pa t' avè l' ankò.
1 Samuel 16:4Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?
1 Samuel 16:14Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'.
1 Samuel 18:15Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l' pase, li vin pè l' pi rèd.
1 Samuel 18:29Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.
1 Samuel 28:15Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè.