1 Samuel 18:17
Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 32:20Moyiz di yo konsa: -Si nou fè tou sa nou sot di la a, si vreman vre nou pare pou n' al goumen devan Seyè a,
Numbers 32:29Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y' al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.
1 Samuel 14:49Men pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal.
1 Samuel 17:47Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
1 Samuel 18:25Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo.
2 Samuel 6:16Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Seyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò.