1 Samuel 18:30
Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.
Cross References
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
1 Samuel 19:8Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li.
2 Samuel 7:9Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.
2 Kings 1:13Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l' konsa: —Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou!
Psalms 119:99Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.
Daniel 1:20Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a.