1 Samuel 18:5
Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 39:2Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la.
Judges 1:19Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.
1 Samuel 13:2Sayil chwazi twamil (03000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.
1 Samuel 18:14Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.
2 Samuel 5:10Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l'.
Psalms 1:3Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.