1 Samuel 18:6
Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil.
Cross References
Judges 11:34Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t' gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason.
Jeremiah 31:11Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo.