1 Samuel 19:24
Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil gen lè pwofèt tou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:4pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
1 Samuel 10:11Tout moun ki te konnen l' anvan sa wè li t'ap danse, li t'ap bay mesaj ansanm ak pwofèt yo. Yonn t'ap di lòt: -Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil gen lè pwofèt tou?
2 Samuel 6:20Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l' yo!
Micah 1:8Lèfini, Miche di: Se poutèt sa m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou m' fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou frize, m'ap wouke tankou chen.