1 Samuel 20:30
Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 14:29Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
Proverbs 19:12Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
Proverbs 21:24Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn.
Proverbs 27:3Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.
Ephesians 4:31Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.
James 1:19Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.