1 Samuel 20:5
David reponn li: -Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Jonatan di l': -Sa ou vle m' fè pou ou!
Cross References
Numbers 10:10Konsa tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
1 Samuel 19:2Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm.
1 Samuel 20:18Apre sa, Jonatan di David: -Denmen se fèt lalin nouvèl la, y'ap wè ou pa la, paske plas ou ap rete vid.
2 Kings 4:23Mari a mande l': —Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: —Sa pa fè anyen!
Psalms 81:3(081:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
John 8:59Lè sa a, yo ranmase wòch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kò l' yon kote epi li soti nan tanp lan.