1 Samuel 22:23
Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 23:17Li t'ap di l' konsa: -David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m', p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m', konn sa tou!
1 Kings 2:26Apre sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l' konsa. -Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Seyè a devan David, papa m'. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l'.
John 10:28Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
John 16:2Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa.
John 18:9Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi.