1 Samuel 22:8
Se poutèt sa nou tout n'ap fè konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwòp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tèt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sèvi avè m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 18:3Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li.
1 Samuel 20:8Tanpri, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap mande ou yon favè, paske se Seyè a, Bondye menm, ki te fè ou mare zanmi avè m'. Pa kite anyen rive m'. Si m' antò, se ou menm ki pou touye m'. Pa kite m' rive devan papa ou!
1 Samuel 20:30Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!
1 Samuel 23:16Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avèk li.
2 Kings 6:11Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: —Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?