1 Samuel 23:18
De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 18:1Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.
1 Samuel 20:12Lèfini, Jonatan di David konsa: -Mwen pran Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m' sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen ankenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou.
1 Samuel 20:42Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.
2 Samuel 9:1Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan.