1 Samuel 23:19
Kèk moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Nenpòt kilè ou fè lide desann lakay nou, ou mèt desann, n'a mete men sou li pou nou ba ou li.
Cross References
1 Samuel 22:7Epi Sayil di chèf ki t'ap sèvi avè l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fè nou kaptenn ak chèf nan lame li a?
1 Samuel 26:3Li moute kan li sou ti mòn Akila a, toupre wout la, sou limit dezè a. David menm te nan dezè a toujou. Lè li vin konnen Sayil te vin dèyè l' nan dezè a,
Psalms 54:2(054:4) Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!