1 Samuel 23:3
Men, moun David yo di l' konsa: -Kote nou ye bò isit la nan peyi Jida, nou te pè kont kò nou deja. Sa pral pi rèd pou nou si se pou n' al lavil Keyila pou n' goumen ak lame moun Filisti yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 23:15Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te soti pou touye l'. David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la.
1 Samuel 23:26Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li.
Jeremiah 12:5Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann?