1 Samuel 24:15
Seyè a va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l' mete bouch nan zafè a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Lè David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye.
Cross References
1 Samuel 24:12Se pou Seyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Seyè a pini ou pou sa w'ap fè m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou.
1 Samuel 26:20Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye!
Psalms 35:1Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo.
Psalms 119:154Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
Micah 7:9Se pou nou sipòte kòlè Seyè a paske nou fè peche kont Seyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye.