1 Samuel 24:20
Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 13:14Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a.
1 Samuel 23:17Li t'ap di l' konsa: -David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m', p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m', konn sa tou!
2 Samuel 3:17Abnè al jwenn chèf fanmi moun Izrayèl yo pou fè yon koze ak yo. Li di yo konsa: -Depi lontan nou te vle se David ki pou te wa nou, pa vre.
Psalms 7:5(07:6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.
Matthew 2:3Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou.
Matthew 2:16Lè Ewòd wè nèg save yo te pase l' nan jwèt, li fè yon gwo kòlè. Li bay lòd touye tout ti pitit gason ki te nan lavil Betleyèm ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fèk fèt jouk sa ki te gen dezan, dapre dat nèg save yo te ba li a.