1 Samuel 24:6
Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a.
Cross References
1 Samuel 26:9Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.
2 Samuel 24:10Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
Job 31:29Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.
Romans 12:14Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.