1 Samuel 25:1
Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou yo kriye lanmò li. Lèfini, yo antere l' anndan lakay li lavil Rama. Apre sa, David pati, li desann nan dezè Paran an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:6Yo bat orit yo sou mòn Seyi, jouk bò kote pye bwadchenn Paran an, ki toupre dezè a.
Genesis 23:2Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li.
Numbers 10:12Epi moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati, chak fanmi nan pozisyon yo te ba yo a. Yo kite dezè Sinayi a. Apre yon tan, nwaj la rete nan dezè Paran an.
Numbers 13:3Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a.
Numbers 20:29Tout pèp la vin konnen Arawon te mouri. Se konsa tout moun nan pèp Izrayèl la pase trant jou ap kriye pou Arawon.
1 Samuel 1:19Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Seyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Seyè a fè pou Ana sa li te mande l' la.