1 Samuel 25:11
Anhan! Pou m' pran pen ak dlo lakay mwen ak vyann bèt nou fè touye pou gadò mouton m' yo, pou m' bay yon bann moun mwen pa konnen kote yo soti?
Bib La
In The King James Version
In Context
12Mesye yo tounen al jwenn David. Lè yo rive, yo rapòte ba li tou sa Nabal te di.
Cross References
Deuteronomy 8:17Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo.
Judges 8:8Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo.
1 Samuel 25:3Msye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pa t' konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo.
Job 31:17Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.
Ecclesiastes 11:1Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
2 Corinthians 6:9Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen.