1 Samuel 25:19
Lèfini, li di domestik li yo: -Nou mèt pran devan, mwen menm mwen dèyè. Men li pa di Nabal, mari l' anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:16Li pran bèt yo, li mete chak kalite apa, li renmèt chak kalite bay yonn nan domestik li yo. Li di yo konsa: -Pran devan mwen. Chak moun ap kite yon distans nan mitan bèt pa l' yo ak bèt ki devan l' yo.
Genesis 32:20Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'.
1 Samuel 14:1Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'.
Proverbs 31:27Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.