1 Samuel 25:26
Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo.
Cross References
1 Samuel 1:26Ana di l': -Eskize m' wi, mèt. Ou pa chonje ki moun mwen ye? Menm jan ou vivan an, se mwen menm fanm ou te wè ki te kanpe bò kote ou la yon jou ap lapriyè Seyè a.
1 Samuel 20:16piga ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lòt la nan non fanmi nou. Si ou kase l', se pou Bondye pini ou.
1 Samuel 25:33Kite m' di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou deske jòdi a ou vin kenbe men m' pou m' pa mete san moun deyò, pou m' pa tire revanj mwen mwen menm.
2 Kings 2:2Eli di Elize konsa: —Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.
Psalms 18:47(018:48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
Proverbs 31:12Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.