1 Samuel 25:3
Msye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pa t' konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Antan David nan dezè a, li vin konnen Nabal t'ap taye lenn mouton l' yo.
Cross References
Genesis 12:11Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm.
1 Samuel 25:10Apre yon ti tan, Nabal reponn yo: -David? Pitit gason Izayi a? Mwen pa konnen l' non. Atò, koulye peyi a plen yon bann domestik ki sove kite lakay mèt yo.
1 Samuel 25:25Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon vòryen. Se pa pou gremesi yo rele l' Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pa t' wè mesye ou te voye yo.
Psalms 10:3Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
Proverbs 19:14Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
Proverbs 31:10Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.