1 Samuel 25:36
Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 3:20Li rive lakay David lavil Ebwon. Li te gen vin lòt gason avè l'. David fè yon gwo resepsyon pou Abnè ak pou vin moun ki te avè l' yo.
2 Samuel 13:28Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.
Esther 1:3Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo ak pou tout moun k'ap sèvi avè l' nan gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre pwovens yo.
Proverbs 20:1Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
Proverbs 23:34W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.
Ecclesiastes 10:19Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.