1 Samuel 26:10
Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:14Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
1 Samuel 24:15Seyè a va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l' mete bouch nan zafè a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou.
1 Samuel 25:38Dis jou apre sa, Seyè a frape Nabal, Nabal mouri.
1 Samuel 31:4Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li.
Job 7:1Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen!
Job 14:14Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.