1 Samuel 26:11
Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 12:3Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.
1 Samuel 24:12Se pou Seyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Seyè a pini ou pou sa w'ap fè m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou.
2 Samuel 1:16David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
Psalms 17:4Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo.