1 Samuel 26:19
Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 44:18Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.
Numbers 36:7Pòsyon tè yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.
Deuteronomy 4:27Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.
Joshua 22:25Seyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Woubenn yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Woubenn yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Seyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Woubenn yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Seyè a.
1 Samuel 18:10Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'.
2 Samuel 14:16Mwen t'ap di wa a ka koute m', li ka delivre m' anba men moun ki soti pou yo touye pitit gason m' lan ansanm avè m', anba men moun ki soti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a.