1 Samuel 26:24
Menm jan mwen te gen respè pou ou jòdi a, m' pa touye ou, mwen mande Seyè a pou l' fè menm bagay la pou mwen tou, lèfini pou l' wete m' nan tout tèt chaje sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 24:16Lè David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye.
Psalms 18:1(018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
Psalms 18:48(018:49) Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
Psalms 34:20(034:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.
Psalms 144:2Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m' ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.
Matthew 7:2paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.