1 Samuel 26:5
David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
4li voye kèk espyon. Yo vin di l' Sayil te desann vre nan dezè a.
Cross References
1 Samuel 9:1Te gen yon nonm nan branch fanmi Benjamen an yo te rele Kich. Se te pitit Abiyèl, pitit pitit Zewò ki te pitit Bekora, pitit pitit Afya. Kich te yon grannèg.
1 Samuel 17:20Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo.
2 Samuel 2:8Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l' lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.
2 Samuel 3:27Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l' apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l' la.
1 Chronicles 9:39Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.