The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 26 › 1 Samuel 26:6

1 Samuel 26:6

David pale ak Akimelèk, moun peyi Et la, ak Abichayi, frè Joab, pitit gason Sewouya a, li di yo: -Kilès nan nou de a ki ta vle desann avè m' nan kan Sayil la? Abichayi reponn: -M'ap desann avè ou.

Bib La

In The King James Version

Then answered David and said to Ahimelech the Hittite, and to Abishai the son of Zeruiah, brother to Joab, saying, Who will go down with me to Saul to the camp? And Abishai said, I will go down with thee.

In Context

5David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'.

7Se konsa, jou sa a, nan mitan lannwit, David ak Abichayi rive nan kan an. Yo wè Sayil kouche ap dòmi nan mitan kan an, frenn li te plante nan tè a bò tèt li. Abnè ak tout rès sòlda yo te kouche bò kote l' ap dòmi tou.

Read all of 1 Samuel 26

Cross References

Genesis 15:20moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo,

1 Samuel 14:6Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.

2 Samuel 2:18Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon.

2 Samuel 11:21Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l' frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l': Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.

2 Samuel 12:9Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li!

2 Samuel 18:5Wa a bay Joab, Abichayi ak Itayi lòd sa a: -Tanpri, fè sa pou mwen. Al dousman ak jennonm yo rele Absalon an tande! Tout sòlda yo te tande lè David t'ap bay chèf yo lòd sa a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 26:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 26:51 Samuel 261 Samuel 26:7 →