1 Samuel 26:8
Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 21:44Seyè a te fè yo gen lapè sou tout fwontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Ankenn lènmi pa t' resi kenbe tèt ak yo. Seyè a te lage tout lènmi yo nan men yo.
1 Samuel 23:14David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil.
1 Samuel 24:5Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a.
1 Samuel 26:23Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a.
Psalms 31:8(031:9) Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'.
Nahum 1:9Kisa n'ap konplote konsa sou do Seyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l' yon lòt fwa ankò.