1 Samuel 27:1
David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:3Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?
1 Samuel 16:13Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
1 Samuel 21:10Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l' ale lakay Akich, wa lavil Gat la.
1 Samuel 22:5Yon pwofèt yo rele Gad vin di David: -Piga ou rete nan gwòt la. Pati koulye a. Ale nan peyi Jida! David pati vre, l' al nan rakbwa Erèt la.
1 Samuel 25:30Konsa, lè Seyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la,
1 Samuel 28:1Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen.