1 Samuel 27:10
Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:24Li di l': -Se vre, se Ezaou, pitit mwen, ou ye? Jakòb reponn li: -Se mwen wi.
Joshua 2:4Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bò yo soti.
Judges 4:11Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la.
1 Samuel 15:6Apre sa, li voye avèti moun Kayen yo: -Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo, pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun Kayen, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun Kayen yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo.
1 Samuel 23:27Lè sa a, yon mesaje vin jwenn Sayil, li di l' konsa: -Tounen touswit, paske men moun Filisti yo ap anvayi peyi a.
2 Samuel 17:20Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan: -Kote Akimaz ak Jonatan? Madanm lan reponn: -Yo janbe lòt bò dlo a. Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.