1 Samuel 28:15
Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 16:20Lè sa a, Dalila rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Msye leve, li t'ap di nan kè l' l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men, li pa t' konnen Seyè a pa t' avè l' ankò.
1 Samuel 16:14Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'.
1 Samuel 23:2Lè sa a, David al mande Seyè a: -Eske mwen mèt al atake moun Filisti yo? Seyè a di David: -Ou mèt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila.
1 Samuel 23:9Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l', li rele Abyata, prèt la, li di l' konsa: -Pote Bwat Bondye a vini!
1 Samuel 28:8Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'.
1 Samuel 30:6David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.