1 Samuel 28:18
Ou pa t' koute sa Seyè a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Seyè a fè ou sa li fè ou jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito.
Cross References
1 Samuel 13:9Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a.
1 Samuel 15:20Sayil reponn Samyèl li di li: -Mwen fè tou sa Seyè a te di m' fè! Mwen mache dapre lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè l'. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo tankou yon ofrann pou Bondye.
1 Kings 20:42Pwofèt la di wa a: -Men mesaj Seyè a voye di ou: Poutèt ou kite moun mwen te bay lòd pou yo touye a chape, se ou menm ki pral peye pou li. Ou pral mouri. Se lame ou ki pral peye pou lame pa l'. Yo pral mouri.
Psalms 50:21Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.