1 Samuel 28:8
Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 18:10Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.
1 Kings 22:30Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m' al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou menm, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l' al goumen.
1 Chronicles 10:13Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l',
2 Chronicles 35:22Men, Jozyas te soti pou goumen avè l'. Li derefize koute mesaj Neko te voye ba li a, mesaj ki te soti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l', li al goumen avè l' nan plenn Megido a.
Isaiah 8:19Si pèp la mande nou pou n' al kay divinò ak moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo?
John 3:19Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.