1 Samuel 29:1
Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 17:16Moun fanmi Jozèf yo di l' ankò: -Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou.
Joshua 19:30Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
Judges 7:1Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.
1 Samuel 28:1Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen.
1 Kings 18:45Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.
1 Kings 21:1Apre tout bagay sa yo, men sa ki rive: Nan lavil Jizreyèl, toupre palè wa Akab la, te gen yon jaden rezen ki te pou yon nonm yo te rele Nabòt.