1 Samuel 29:4
Men, lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fè l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bèl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankò ak mèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 14:21Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan.
1 Chronicles 12:19Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li.
Luke 16:8Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a.