1 Samuel 3:18
Se konsa Samyèl rapòte l' tout pawòl Seyè a san kache l' anyen. Epi Eli di l': -Se Seyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
2 Samuel 10:12Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.
1 Chronicles 19:13Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.
Job 2:10Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.
Isaiah 39:8Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: -Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
Lamentations 3:39Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!